Byenveni Sou Granmache.com,
- mache pa nou. -

Granmache se yon mache online tankou Amazon, Ebay ki kreye espesyalman pou ayisyen fè komès nan zòn bò lakay yo.

Kisa'w ka fè sou Granmache?

W'ap ka Achte

W'ap ka Vann

Fè Livrezon

Kèk manm nan ekip Granmache a

Dieuseul Lorgeat

Fondatè, CEO

Emmanuel Lorgeat

Vice President

Ruth Lorgeat

Customer Relation

Orevil Wilzie

Help & Support

Platfòm Granmache-a

Ou ka vizite patfòm nan depi jodi-a pou'w ka kreye kont kliyan'w oubyen kont machann ou pou'w ka ouvè boutik ou lakay ou.

Kèk karakteristik sou mache-a

Granmache se Yon Platfòm ki inivèsèl

Granmache disponib online nan computer'w, nan tablèt oubyen nan telefòn. Kelkeswa kotew ye w'ap ka jere biznis ou oubyen achte sou platfòm nan.

Granmache gen yon dachbòd ki konplè

Lè'w vi'n yon vandè (oubyen machann), w'ap gen aksè ak yon dachbòd ki baw tout kalte enfòmasyon sou jan boutik ou-a ap evolye. Tankou:
- Lavant total pou mwa
- Salè pou mwa
- Pwodwi ki van pou mwa
- Kòmand ou resevwa pou mwa
- Ak plis lot enfo ankò

Nou Disponib nan 4 lang pou nou ka sèvi tout Ayisyen tout kote

Granmache te kreye ak vizyon pou tout Ayisyen ak etranje ka itilize li san diskriminasyon, wap kapab navige sou platfòm nan an Kreyòl, anglè, Francais, Espanol oubyen kreyòl. Epi, nou gen entansyon ajoute plis lang nan fiti.

Machann yo ap gen pwòp zòn pa yo

Lè yon moun anrejistre kont machann yo, aprè ou fin ouvè boutik ou, n'ap bay ou pwòp zòn paw. Tout moun andan zòn sa, se kliyan paw yo ye.

Avèk yon applikasyon Granmache-a, w'ap ka achte oubyen vann

Granmache vini avèk tout app li ou ka download nan Playstore oubyen Appstore a. Ak app sa w'ap ka kreye kont ou pou'w achte oubyen vann.

Fè lajan sou platfòm nan ak veyikil ou

Si'w gen ninpòt veyikil, ou ka fè lajan ak Granmache.

N'ap bezwen moun ki gen veyikil transpòtasyon tankou bisiklèt, moto, Scouter oswa machin pou fè livrezon nan katye bò lakay machann nou yo. Depoze aplikasyon'w jodi-a menm.

Plan Abònman yo

Pou yon moun kòmanse vann sou Granmache w'ap bezwen fè sa aprè ou fin abòne'w. Nou gen 3 plan ki disponib, detay yo anba nan tablo sa.

Basic

Pri Abònman:
  • Komisyon
  • Kantite Pwodwi
  • Kantite Staff
  • Kantite Kliyan
  • Sipò Kliyantèl
  • Livrezon
  • Sipò pou Machann
  • Kominike ak Kliyan
  • Dashbòd
  • Jestyon Anplwaye
  • Dispatch
  • Alokasyon Zòn
  • Extra Zòn alokasyon
  • N'ap òganize shop ou *
  • Piblisite Nan Banyè **
  • Piblisite Nan Videyo **
  • Dizay Banyè *
  • Yon App Playstore *
  • Yon App Appstore *
  • Yon Sit Pou Shop ou *
  • Antretyen App ak Sit la ***
  • Livrezon nan tout peyi ou ye-a
  • Livrezon Entènasyonal

Basic

$20 /an
  • 10 %
  • 50
  • 5
  • 500
  • Machann yo
  • Machann yo

Premium

$200 /an
  • 30 %
  • 500
  • 20
  • San limit
  • Machann yo
  • Machann yo

Kesyon moun mande souvan

Tout moun ka kòmanse kreye kont machan, kont livrè katye oubyen kont kliyan yo depi jodi-a menn. Ou ka vizite mache-a ak link sa

Nenpòt moun ka kòmanse vann sou Granmache aprè yo fin achwazi youn nan 3 plan abònman nou genyen yo

Non, men wap bezwen gen yon moun ki pou fè livrezon yo pou ou, oubyen w'ap bezwen fè livrezon yo pou kòw.

Non. men w'ap bezwen yon odinatè pou kreye kont machann ou, mete sou pye boutik ou ak plis ankò. Aprè kont machan ou fin kreye, vandè yo ka ajoute, retire, chanje pwodwi ak telefòn yo. Nou rekòmande pou'w itilize yon òdinatè pou gen kontwòl total sou boutik ou.

Wi, nenpòt moun ka gen yon kont kliyan, menm kont sa edew vin yon machan, oswa yon livrè sou platfòm Granmache-a.

 Nenpòt moun ka vann nenpòt bagay, soti nan manje kwit, rive nan pwodwi ki pa gate tankou sandal, plim etc...

Pou plis enfòmasyon konsènan kisa ou ka vann ak sa ou pap ka vann, vizite paj "Resources" la

Paske machann nou yo rete tou pre ak kliyan yo, lè'w achte sou Granmache, livrezon yo fèt ant 5 mn pou rive jiska 3h de tan, depan distans ou ye de machann nan. E tout livrezon fèt menm jou.

Pou w jwenn pwodwi pou vann sou Granmache, konsidere kote sa yo:

  1. Itilize platfòm sou entènèt ak gwo konpayi e-commerce tankou Amazon.
  2. Eksplore magazen lokal yo tankou Walmart.
  3. Pwofite fè pwodwi lakay ak atizanal.

Vizite paj "Resources" la pou'w ka jwen kèk site popilè, ou ka achte machandiz.

Nou fè plizyè ane ap fè livrezon pou youn nan pi gro Mache en liy nan America (Amazon), nou konpran kisa livrè nou yo ap pran nan lari-a. Granmache pataje ak livrè yo 15% pou livrezon total yo fè pou jounen an.

Wi yo kapab, non sèlman livrè yo ka aksepte tip nan men kliyan, yo ka kenbe 100% nan tip yo resevwa yo tou.

Rete an kontak pou tout nouvèl de Granmache

Jou n'ap lanse platfòm nan

Days
Hours
Minutes
Seconds

Premye Me bonè bonè, n'ap vini; Enskri kont ou jodi-a menm pou'w ka achte, vann oubyen fè livrezon

Kèk avantaj nan okazyon sa

Nan okazyon lansman platfòm Granmache-a, w'ap kapab jwen spesyal sa yo.

1) 100 premye moun ki anrejistre kont vandè yo, ap jwen 50% rabè
2) N'ap òganize boutik ou pou ou gratis
3) N'ap fè dizay banyè boutik ou pou ou gratis

Kisa w'ap tann pou'w gen boutik ou.

Zero infrastrikti pou'w kòmanse

Livrezon Gratis Pout tout kliyan nou yo

Livrè yo ap jwen 15% sou livrezon jounen an!

Enskri non'w anba, li gratis